OIT / PROFIT - Patisipe yon delegasyon ayisyèn nan Salon mondyal «Chocolat » nan vil Pari
novembre 5, 2025 9:34 am
Yon delegasyon ayisyèn ap patisipe nan Salon mondyal «Chocolat » k ap fèt soti 29 oktòb pou rive 2 novanm 2025 nan vil Pari, nan peyi Lafrans. Kakao ayisyen an ap reprezante fyèman nan 30e edisyon Salon mondyal chokola a, nan Pari, Porte de Versailles.
Yon aktivite k ap fèt ap apui òganizasyon entènasyonal travay (OIT) atravè pwojè PROFIT ministè Afè etranjè Norvège ap finanse.
Gwo antrepriz kakao nan Sid peyi Dayiti ap gen pou reprezante tankou–AYITIKA, KALEOS S.A., KAÛNA, LEROY Chocolat, direksyon depatmantal agrikòl DDAGA ak GEONOVA.
Se okazyon pou yo ekspoze pwodui yo epi montre richès ak opòtinite kilti kakao a genyen an Ayiti. Patisipan ap bay yon mesaj rezilyans ak lespwa pwodiktè ak pwodiktris kakawo yo nan peyi a.
Patisipan yo ap gen pou pale sou jesyon ak estriktirasyon filyè a nan mete kanpe yon sistèm entèlijans lojistik k ap pèmèt yo jewo referanse tout kilti ak pwodiktè kakawo nan peyi Dayiti.














