ONU - Entèvansyon Minis Pedrica Saint Jean nan kad 30èm anivèsè katriyèm konferans mondyal sou fanm
septembre 23, 2025 11:51 pm
Nan kad reyinyon wo nivo Asanble jeneral Nasyonzini sou 30èm anivèsè katriyèm konferans mondyal sou fanm, lendi 22 septanm 2025 lan, Minis Kondisyon Fanm ak dwa fanm Ayiti a, Pedrica Saint Jean, renouvle angajman peyi a nan batay pou egalite ant fanm ak gason epi pwoteksyon dwa fanm ak tifi yo.
Nan entèvansyon li, minis la mete aksan sou 2 priyorite estratejik Leta ayisyen ki se ranfòsman pouvwa ekonomik fanm yo, ak ranfòsman plan nasyonal 2017–2027 kont vyolans sou fanm ak tifi.
Titilè MCFDF la, pi lwen, soulinye kèk aksyon gouvènman déjà antreprann pou kapab akonpanye fanm ki viktim kriz sekiritè a.