ONU – Selebrasyon « Jounen Nasyonzini »

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Vandredi 24 oktòb 2025 la, se « Jounen Nasyonzini ». Responsab Nasyonzini yo selebre jounen sa a nan yon moman kote gen kesyon k ap poze sou itilite ak efikasite òganizasyon an depi 80 lane li egziste.

Nan mesaj li nan okazyon an, Sekretè jeneral la, António Guterres, mande tout moun pa bat ba paske Nasyonzini se plis pase yon estitisyon kote aksyon l yo travèse fwontyè, pèmèt plizyè kontinan reyini epi se yon sous ki enspire tout jenerasyon.

Dapre Mesye Guterrès, depi 80 lane ONU ap travay yon fason pou kapab gen lapè, konbat povrete ak grangou, fè pwomosyon pou dwa moun epi konstui yon mond ki dirab.

Gen anpil defi ONU dwe fè fas kote ki pa sispann gen konfli, gen anpil pwoblèm nan zafè klima, teknoloji yo kontinye ap devlope epi gen menas sou enstitisyon an, men sa p ap fè yo fè bak.

Chak ane Nasyonzini selebre 24 oktòb la ki se dat kote yo te kòmanse aplike prensip, ansanm règleman enstitisyon an nan lane 1945.

Nasyonzini te ofisyèlman kreye apre majorite manm yo, pami yo 5 manm pèmanen Konsèy sekirite a, te ratifye dokiman ki te fonde enstitisyon an.

Prezidant Asanble jeneral Nasyonzini an, Annalena Baerbock, deklare se tout moun ki kenbe lavi enstitisyon an. Se pa sèlman moun nan New York, Vienne, Genève ak Nairobi, men tou moun ki nan lari devaste Port-au-Prince.

Diplomat la rekonèt tou nesesite pou refòm yo kontinye fèt nan ONU k ap fè fas ak yo gwo pwoblèm finansye depi plizyè dizèn lane.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut