OPC / Réaction sur le massacre du gang Gran grif à Jean Denis
117 minutes ago
Ofis pwoteksyon sitwayen di l aprann ak anpil kè sere masak gang ak zam nan ti Rivyè Latibonit fè, nan lannuit 28 pou rive 29 mas 20026 la, sou popilasyon sivil komin sa.
Se nèg ak zam gwoup kriminèl « Gran grif » ak « Kokorat san ras » ki fè masak sila kote premye bilan fè eta 16 moun ki mouri ak plis pase yon dizèn blese ak bal.
Ofis pwoteksyon sitwayen ak sitwayèn raple tou se yon bilan ki toujou pwovizwa akoz kote masak la fèt ki se Jeandeni toujou poko aksesib. Yon seri zak OPC dil deplore pandan l mande pou otorite konsène yo ranfòse san pèdi tan dispozitif sekirite yo nan zòn sa , pran dispozisyon pou arete delenkan yo epi anpeche popilasyon an kontinye viktim anba men nèg ak zam yo.
OPC ankouraje otorite nan leta pran dispozisyon pou ede viktim masak sa ak pwoch yo ki gen anpil bezwen.














