Pasaj ouragan Mélissa/MTPTC/Evalyasyon dega yo
2 hours ago
Ministè travo piblik, transpò ak kominikasyon deja fè evalyasyon sou dega ki anrejistre sou tout peyi a aprè pasaj ouragan Mélissa.
Daprè Minis Raphaël Hosty MTPTC pral voye rapò evalyasyon an bay gouvènman an pou yo kapab aji.
Pou kounye a, teknisyen yo nan MTPTC ki deplwaye sou tout peyi a, kòmanse travay pou amelyore twonson wout ki plis touche yo.
Enjenyè Raphaël Hosty fè konnen MTPTC gentan ap travay sou Pon ladig Tigwav, kote yo deja fè yon pasaj pou pèmèt machin rantre nan viv Jakmèl.
Minis Raphaël Hosty t ap reponn kesyon Fedener Confident ak Kleefenson Jean, ann suiv.














