PDI / Revendication
3 hours ago
OffItv
Divès deplase zòn Solino Nazon, Delmas30 ak plizyè lòt ankò, k ap viv nan kan Lekòl Nasyonal Repiblik Ekwatè mande konkou otorite yo nan pi wo nivo leta pou pèmèt yo retounen lakay pou lanè 2026 k ap vini la.
Deplase sa yo fè konnen y ap sitiyasyon ki difisil nan kan.
Responsab kan sa pwofite salye jefò FAES ki pran inisyativ mete restoran kominotè nan kan deplase yo, yon fason pou moun yo rive rale yon souf anba grangou a.














