Plan international - Responsab yo salye inisyativ Nasyonzini pran pou voye yon nouvo fòs an Ayiti
2 hours ago
Responsab Plan Entènasyonal yo salye inisyativ Nasyonzini pran pou voye yon nouvo fòs entènasyonal nan peyi Dayiti pou vin ede leta ayisyen goumen kont gang yo.
Nan yon kominike yo mete deyò, mèkredi premye octobre 2025 la, responsab Plan Entènasyonal yo di yo swete pwoteksyon timoun yo dwe nan mitan repons nouvèl fos k ap gen pou deplwaye sou teritwa a.