PNH /Arrestation de Arnel Belizaire
115 minutes ago
Ajan direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) arete ansyen depite Arnel Belizaire, samdi 14 mas 2026 la, nan Petyonvil, selon direksyon kominikasyon enstitisyon polis la. Lajistis te mete manda dèyè ansyen palmantè a pou plizyè zak li ta komèt tankou finansman gang teworis, konbinezon ak konplo kont sekirite enteryè Leta ak asosyasyon malfèktè.
Arnel Belizaire nan gadavi nan DCPJ kote l ap tann lapolis defere l devan pakè Pòtoprens pou kapab reponn akizasyon kont li yo.














