PNH / Bilan des opérations réalisées
2 hours ago
Pòt pawòl Polis nasyonal Dayiti a, komisè Garry DESROSIERS drese bilan operasyon divès inite nan PNH la reyalize sòti 1er janvye pou rive 25 mas 2026 la.
Seri operasyon sa yo ki pote non « goudou goudou » fèt nan plizyè depatman tankou Lwès, Sant ak Sid. Se yon total 43 prezime bandi ki tonbe nan echanj kout bal ak fòs lòd yo pandan peryòd soti janvye pou rive mwa mas la. Fos lòd yo rive konfiske tou 46 fizi 19, pistolè, 6 dwòn ak 10 mil 659 katouch.
Nan sans sa, komisè Garry DESROSIERS fè konnen wo kòmandman PNH la renouvle detèminasyon li pou konbat tout malfra k ap twouble lapè piblik, pandan l ankouraje tout sektè nan vi nasyonal la mete men ak yo nan batay k ap mennen pou frennen aksyon gang kriminèl yo sou tout teritwa nasyonal la.














