PNH / DDNO /Démantèlement d'un gang
114 minutes ago
Direktè depatmantal nò Polis nasyonal la, komisè divizyonè Sem Calixte, fè konnen pandan 6 mwa li genyen nan komandman depatman NÒ a yo deja demantle 8 baz gang nan divès zòn nan depatman Nò a.
Selon PNH la, endividi sa yo ta fè pati kowalisyon kriminèl Viv ansanm ki t ap chèche tabli baz yo nan depatman Nò a..
Sem Calixte felisite popilasyon an ki toujou kolabore ak la polis nan pataje infòmasyon sou sèten endividi sispèk yo remake nan plizyè zòn nan vil Kap Ayisyen.














