PNH – Direktè jeneral Vladimir Paraison rankontre reprezantan Kanada a nan Nasyonzini, Bob Rae

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Direktè jeneral Polis nasyonal la, André Jonas Vladimir Paraison, rankontre, jedi 23 oktòb 2025 lan, yon delegasyon kanadyèn wo nivo ki te gen ladann reprezantan Kanada a nan Nasyonzini, Bob Rae, ak Anbasadè kanadyen an nan peyi Dayiti, François André Giroux.
Pèsonalite sa yo te diskite sou plizyè dosye tankou bilan operasyon PNH la fè ansanm ak MMAS la. Kòmandan an chèf PNH la te pale sou pi bon kòdinasyon ki gen nan operasyon yo malgre konpleksite ki genyen nan operasyon sa yo nan vil yo.
Kesyon PNH la ki pa gen ase efektif kote gen yon polisye pou bay mil moun te nan mitan diskisyon yo tou san bliye mouvman gang yo nan katye popilè yo.
Direktè jeneral PNH la te pwofite mande bourad nan zafè materyèl, ekipman pwoteksyon, blende, sistèm kominikasyon, fòmasyon espesyalize epi modènizasyon enfrastrikti kòmandman ak kontwòl PNH la.
Ofisyèl kanadyen yo pwomèt tout apui peyi Kanada nan kad jefò pou ranfòse PNH la.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut