PNH - Dispozisyon pou akonpaye popilasyon an nan okazyon rantre lekòl la
119 minutes ago
Polis nasyonal dayiti (PNH) di yo deja pran tout dispozisyon pou akonpaye popilasyon an, pi presizeman kominote edikativ la nan okazyon rantre lekòl la ki debite mèkredi 1er oktòb 2025 lan.
Pòt pawòl PNH la, komisè divizyonè Michelange LOUIS JEUNE fè konnen premye jounen lekol la dewoule trè byen pandan l renouvle detèminasyon wo kòmandman PNH la pou kontinye sèvi ak pwoteje byen ak vi popilasyon an.