PNH / Fêtes de fin d'année /Dispositions
3 hours ago
Komisè divizyonè Michelange LOUIS JEUNE, ki se asistan direktè direksyon kominikasyon PNH la, fè konnen tout dispozisyon deja pran nan nivo wo kòmandman PNH la pou pèmèt peryòd fen ane 2025 la pase san twòp kè sote.
Komisè divizyonè LOUIS JEUNE ankouraje tout sektè nan vi nasyonal la pou mete men ak yo yon mannyè pou travay la, ka pi efikas.














