PNH – Kominike sou atak « Viv Ansanm » nan komin Kenskòf nan lannwuit 11 pou louvri 12 oktòb

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Lapolis nasyonal Dayiti enfòme te gen gwo afwontman nan lanwuit 11 pou louvri 12 oktòb 2025 ant polisye ak divès gang ki t ap opere nan non koalisyon « Viv Ansanm », nan komin Kenskòf.
Malfra yo kite atake komin lan te fè bak aprè entèvansyon lapolis epi yo te mete dife nan pwopriyete Wynn Farm, epi menase tou « Camp Zoi » ki anlè Kenskòf.
Fas ak sitiyasyon sa a, wo kòmandman PNH la te ranfòse rapidman dispozitif sekirite yo nan deplwaye yon ekip SWAT ak CIMO epi mobilize yon Task Force ki te gen apui yon blende.
Daprè lapolis, gen plizyè bandi ki mouri nan boukante kout zam ak polisye yo.

PNH di l detèmine pou konbat ensekirite a, tout tantativ pou destabilize peyi epi pwoteje popilasyon. Responsab polis la mande sitwayen yo pou yo vijilan, solidè epi kontinye bay tout enfòmasyon ki kapab ede enstitisyon an akonpli misyon l.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut