PNH / Opération à Tabarre

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Lapolis mennen yon gwo operasyon kont gang kriminèl yo nan komin Taba, maten vandredi 27 fevriye 2026 la, kote yo touye plizyè prezime bandi, selon direksyon kominikasyon Polis nasyonal la.
Divès ajan espesyalize te bouche yon seri gwo two gang 400 Mawozo yo te fouye nan lide pou te anpeche lapolis mennen operasyon nan komin lan.
Polisye yo te fouye plizyè kay kote yo te dekouvri yon kantite koktèl Molotòv ki se yon seri eksplozif yo te detui sou plas. Operasyon sa a te pèmèt lapolis rive nan Kafou Marasa, nan komin Kwadèboukè.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut