PNH / Opérations
janvier 6, 2026 9:12 pm
Direksyon kominikasyon Polis nasyonal la (DICOP) fè konnen Lapolis fòmèlman idantifye ajan Nelson Prud’Homme ki akize nan zak asasina sou 2 moun nan Delma 40A, nan aprèmidi jedi premye janvye 2026 la.
Selon DICOP, nan dat 2 janvye, Lapolis konfime enplikasyon polisye a nan dosye sa a aprè yo te transfere l nan direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) ak direksyon ransèyman jeneral ki te pran tout dispozisyon pou te kapab lokalize epi arete polisye a.
Yon lòt kote, lapolis anonse, yo rekipere, madi 30 desanm 2025, plizyè zam nan yon operasyon nan baz chèf gang ki rele Jamesley sou Belè.
Gen plizyè bandi ki mouri nan operasyon sa a lapolis te mennen ak fòs represyon gang yo (FRG).
Lapolis te mennen operasyon tou nan Akayè, dimanch 4 janvye 2026 la, patikilyèman nan Bèsi, pou te kapab kraze rezo kriminèl ki te tabli baz yo nan lokalite sa a.
Polisye yo sezi 3 gwo zam ki se 2 M4 ak yon kalachnikov epi yo detui yon pòs peyaj.














