PNH / Précision sur l’attaque des gangs à Jean Denis
2 hours ago
Plizyè polisye ki afekte nan komin Senmak ak sipò polisye kenyan ki nan fòs represyon gang yo (FRG), fè yon entèvansyon, dimanch maten 29 mas 2026 la, nan lokalite Jean Denis, nan Ti Rivyè Latibonit, nan lide pou pote popilasyon an sekou anba yon atak gang Gran grif fè nan zòn nan.
Dapre direksyon kominikasyon PNH la, bandi yo te koupe wout la. Polisye yo ki te deplwaye ak 3 cha blende te oblije bouche gwo twou sa a e lè yo rive sou plas bandi yo te gen tan fè dega kote yo touye 16 moun epi blese 10 lòt ak bal dapre konsta jij de pè Michel Faneld’s.
Otorite yo te fè transpòte moun ki mouri yo nan mòg Senmak epi blese yo tal pran swen lopital.














