PNH : Venntwa ajan PNH kite peyi Dayiti pou ale Kolonbi

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

23 ajan Polis nasyonal Dayiti kite peyi a, mèkredi 12 novanm 2025 lan, pou al patisipe nan yon pwogram fòmasyon k ap dire 5 semèn nan peyi Kolonbi.
Polisye sa yo genyen divès grad soti ajan 1 pou rive enspektè. Nan delegasyon an, gen ajan BRI, BLVV epi DCPJ.
Yon pwogram ki dwe kontribiye nan ranfòse kapasite polisye yo. Inisyativ sa antre nan kad koperasyon ant Ayiti ak Kolonbi nan zafè defans.

Fòmasyon sa a ap dewoule patikilyèman sou teknik entèvansyon, teknik envestigasyon ak ransèyman.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut