PNUD - Prezantasyon pwojè « Dialogue National pour une économie inclusive et porteuse de paix»
2 hours ago
Responsab Pwogram Nasyonzini pou Devlopman, PNUD ansanm ak patnè yo, prezante mèkredi 10 septanm 2025 lan, pwojè ki pote non: « Dialogue National pour une économie inclusive et porteuse de paix».
Selon inisyatè yo, objektif pwojè sa se bati ansanm yon vizyon ekonomik ki fonde sou enklizyon, lapè ak jistis sosyal.
Atravè dyalòg sa, òganizatè yo vize mete divès aktè konsène yo ansanm, pou chèche solisyon ak pwoblèm ekonomik ak sosyal peyi a ap fè fas depi yon bon bout tan.
Pwojè sa k ap kouvri Gran Nò, Gran Sid ak Lwès peyi a, mete aksan sou jèn yo. L ap fasilite yo jwenn fòmasyon ak akonpayman nesesè k ap pèmèt yo patisipe nan devlopman ekonomik, sosyal peyi a.
Dyalòg nasyonal la a ap dewoule nan plizyè etap. Li gen faz preparatwa a ki fèt nan mwa me ak out pase a, faz estriktirasyon an, nan mwa dawout la, faz nasyonal la, ki prevwa nan mwa septanm nan epi faz suivi ak kapitalizasyon an, ki ka fèt nan fen ane 2025 lan oubyen ki ka dire plis tan daprè kalandriye inisyatè yo kominike.