Président Laurent Saint-Cyr s’est entretenu avec Chris Elmore, Sous-secrétaire d’État d'Angleterre
novembre 14, 2025 4:23 pm
Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Laurent Saint-Cyr, chita pale, lendi 3 novanm 2025 lan ak sousekretè Deta anglè a, Chris Elmore, nan kad 2e somè mondyal pou devlopman sosyal la nan Doha, nan peyi Qatar.
Nan okazyon an, prezidan Saint-Cyr reyitere enpòtans pou retabli sekirite nan peyi a nan lide pou òganize pwochèn eleksyon.
Prezidan CPT a ensiste sou deplwaman rapid Fòs represyon gang yo.
Mesye St-Cyr mande tou yon apui sou lanmè pou kapab konbat trafik zam k ap fèt nan peyi a.
Sou sekretè Elmore deklare « Royaume-Uni » gen gwo tèt chaje fas ak kriz imanitè an Ayiti epi salye jefò otorite yo pou jere sitiyasyon an. Li pwomèt peyi Angletè ap soutni fòs sekirite nasyonal yo ak FSG a.
2 pèsonalite yo te pale tou kesyon vyolans ki baze sou sèks epi pwomèt soutyen peyi l nan kad batay pou konbat vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi yo.
Prezidan CPT a, raple batay kont vyolans sa yo rete yon priyorite pou Leta ayisyen, sitou nan peryòd kriz tout kalte peyi ap fè fas.
Mesye Saint-Cyr kontinye ap mobilize kominote entènasyonal la sou nesesite pou retabli sekirite sou teritwa nasyonal la kote l mande tout peyi yo kontribiye tout bon pou FSG a kapab ranpli misyon l jan Konsèy sekirite Nasyon zini an te apwouve sa 30 septanm pase.














