Primati - Gouvènman an renouvle angajman li pou sipòte paran yo nan okazyon rantre lekòl la
4 hours ago
Gouvènman an renouvle angajman li pou sipòte paran yo nan okazyon rantre lekòl 2025–2026. Sou direksyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, Gouvènman an aplikasyon Pwogram Ijans Miltisektoryèl pou Sipò Rantre Lekòl Gwoup ki pi Vilnerab yo (PUMARSVG 2024–2025). Pwogram sa a ap reyalize anba kowòdinasyon Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES) an patenarya ak Natcom, atravè platfòm dijital Natcash.
Daprè oryantasyon Gouvènman an, objektif la se soulaje chay ekonomik fanmi ayisyen yo pandan peryòd rantre lekòl la. Operasyon pèman yo, ki vize paran elèv ki kalifye yo, ap fèt selon kalandriye ofisyèl ki te tabli.
Nan dat 10 oktòb 2025 a 10è nan maten, sitiyasyon dekesman an prezante konsa :
• Kantite total benefisyè ki nan lis la : 115 186
• Kantite moun ki deja touche : 72 798
• Kantite total lajan ki deja peye : 1 116 866 916 goud
• Kantite kòb pa benefisyè : 15 342 goud
• Pousantaj egzekisyon : 63 %
Chif sa yo montre volonte fèm Gouvènman an pou kenbe pwomès li bay fanmi yo, nan respè prensip transparans, ekite ak efikasite nan distribisyon èd piblik yo.