Primati – Gouvènman an reyafime angajman li pou reyabilite lokal Lise Anténor Firmin

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Gouvènman an reyafime angajman li pou reyabilite lokal Lise Anténor Firmin, kote divès deplase entèn te refijye yo pandan kèk tan.
Gras ak entèvansyon Gouvènman an lise a reprann aktivite l nòmalman kòm enstitisyon edikatif. Sou lidèship ak angajman pèsonèl Premye Minis , Alix Didier Fils-Aimé, gwo travay reyabilitasyon te fèt ak efikasite, sa ki pèmèt yo relouvri san pèdi tan etablisman sa a ki se yon senbòl nan sistèm edikatif nasyonal la.
Aksyon sa a montre volonte Gouvènman an pou garanti dwa pou tout timoun jwenn bon jan pen lenstriksyon.
Gouvènman Repiblik la reyafime detèminasyon li pou reyabilite epi modènize enfrastrikti lekòl piblik yo nan tout peyi a.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut