Primati – Premye minis Alix Didier Fils-Aimé vizite Sant fòmasyon taktik PNH la

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, ki te gen ak li reprezantan espesyal sekretè jeneral Oganizasyon Eta ameriken yo (OEA), Cristóbal Dupuy, vizite Sant fòmasyon taktik la ki se yon pwojè Gouvènman Kanadyen an finanse.
Se OEA ki mete pwojè sa a kanpe.
Pwojè Sant fòmasyon taktik la antre nan kad yon patenarya estratejik ant gouvènman ayisyen an, OEA ak Canada, nan lide pou kapab ranfòse kapasite peyi a nan zafè sekirite ak gouvènans enstitisyonèl.
Responsab yo prevwa kreye yon seksyon fòmasyon modèn pou inite espesyalize yo epi fòme enstriktè ayisyen.
Pwojè a ki dwe dire 24 mwa, montre volonte patnè yo pou enstitisyon nasyonal yo pi pwofesyonèl nan kad jefò pou mete estabilite, sekirite ak lapè nan peyi a.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut