Primati - Primati Repiblik la deplore aksidan ki rive nan baz inite SWAT yo, nan Kenskòf
88 minutes ago
Primati Repiblik la deplore aksidan ki rive sou baz inite SWAT yo, nan Kenskòf, madi 19 dawout 2025 lan kote eksplozyon yon dwonn kamikaze lakoz 2 polisye mouri epi 6 lòt blese.
Nan yon jès bòn fwa, plizyè moun te pote dwonn lan ki eksploze nan baz SWAT yo nan Komin Kenscoff.
Nan non Repiblik la, Premye minis lan, Alix Didier Fils‑Aimé, ki se tou prezidan Konsèy siperyè Polis nasyonal la (CSPN), rann polisye yo omaj pou kouraj yo, devouman ak sakrifis yo.
Gason ak fanm sa yo reprezante otorite ak souvrènte Leta a, angajman yo se garanti sekirite ak estabilite Nasyon an, dapre Primati ki raple pa gen okenn sakrifis ki initil.
Pi lwen, Primati fè konnen otorite yo ap pran tout mezi pou pwoteje polisye yo epi ranfòse sekirite nasyon an ki kanpe dèyè fòs polis la. Konba polisye yo se konba otorite yo nan Leta a pou mete lapè ak sekirite nan peyi a epi defann diyite sitwayen yo.