Primati - Reyalizasyon yon Konsèy gouvènman pou kapab egzamine pwojè lwa finans 2025-2026 la
octobre 1, 2025 11:03 pm
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, prezide, madi 30 septanm 2025 la, yon Konsèy gouvènman nan lide pou kapab egzamine pwojè lwa finans 2025-2026 la.
Nan okazyon an, gouvènman an te gade oryantasyon bidjè a parapò ak priyorite nasyonal yo, nesesite pou gen bon jan gouvènans epi angajman otorite yo nan Leta a pou gen devlopman dirab ak jistis sosyal nan peyi a.
Konsèy la di l pran nòt sou dispozisyon ki pran yo nan kad adopsyon nouvo pwojè bidjè a k ap gen pou al jwenn enstans konsène yo san pèdi tan jan lalwa mande sa.