Primature / FRG / Le Premier ministre salue l’engagement renouvelé de la communauté internationale
103 minutes ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé bat bravo pou angajman kominote entènasyonal la sou lidèchip Etazini ak Kanada nan kad jefò pou amelyore sitiyasyon an nan peyi Dayiti kote dwe gen sekirite ak estabilite.
Chèf gouvènman an t ap pale apre reyinyon wo nivo Gwoup k ap soutni Fòs represyon gang yo (FRG) ki te fèt 9 desanm 2025 nan misyon Kanada ki nan Nasyonzini.
Se peyi Kanada ki t ap prezide rankont sa a Etazini apiye. Plizyè lòt peyi te patisipe nan reyinyon sila a nan lide pou jwenn yon repons desiziv nan ensekirite a, patikilyèman vyolans gang kriminèl yo ki menase souvrènte ak estabilite peyi Dayiti.
FRG a esansyèl pou restore otorite Leta, sekirize teritwa a epi kreye kondisyon pou peyi a retounen nan konstitisyon an.
Patisipan anonse y ap kontribiye nan deplwaman pèsonèl espesyalize, nan gwo operasyon yo epi y ap bay lajan nan kad FRG a.
Dapre Premye minis lan, entènasyonal la sou kòdinasyon Etazini ak Kanada rekonèt nesesite pou jwenn yon solisyon nan kriz sekiritè an Ayiti. Inisyativ sa a montre tou konfyans etranje yo nan fèydewout gouvènman an.
Mobilizasyon sa a reprezante yon demach klè pou kapab gen eleksyon nan peyi a, selon otorite yo.














