Primature : Rankont avèk kèk aktè sou kesyon eleksyon
117 minutes ago
Premye Minis ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé chita pale avèk plizyè aktè nasyonal ak entènasyonal, madi 11 novanm 2025 lan.
Ranfòsman pwosesis elektoral la, se prensipal sijè ki te nan mitan chita pale yo ki dewoule nan lokal Primati a.
Rankont sa, selon yon kominike Primati pibliye, rantre nan kad angajman Chèf gouvènman an pran pou fasilite dyalòg, nan lide pou gen estabilite epi pèmèt eleksyon yo reyalize avan lontan nan peyi a.
Nan rankont sa te genyen plizyè manm kabinè ministeryèl, plizyè Konseye elektoral, reprezantan Lapolis, Fòs Lame Dayiti ak patnè teknik ak finansye nan kominote entènasyonal la.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ensiste sou nesesite pou genyen bon kowòdinasyon ant enstitisyon nasyonal yo ak patnè entènasyonal yo nan lide pou garanti òganizasyon eleksyon ki lib, enklizik epi kredib.
Li presize Gouvènman an rete motè pwosesis elektoral la epi Leta ayisyen ap asire pwosesis la reyalize nan tout souverènte.














