Primature / Rencontre du Premier ministre avec Gilles Michaud sur les enjeux de sécurité
2 hours ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre, mekredi 15 avril la, sekretè jeneral adjwen pou zafè « sûreté » ak sekirite nan Nasyonzini, Gilles Michaud.
Deba yo te santre sou ensekirite a ki ogmante ak aksyon gang ak zam yo , sa ka fèt pou rezoud sitiyasyon an. Chèf gouvènman ak sekretè jeneral adjwen an te pwofite pale tou sou rive fòs represyon gang yo ki komanse ap pran fòm. Nimewo 1 Primati a raple nesesite pou kreye yon anviwonman sekiritè.
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, fè konnen deblokaj wout yo se ijans, pandanl di l konte sou sipò kominote entènasyonal la.
Retabli lòd nan peyi a, pwoteje popilasyon an ak òganizasyon eleksyon nan peyi a rete angajman gouvènman, daprè nòt sa ki soti nan biwo kominikasyon Primati.














