Primature/ Rencontre du Premier ministre avec la Princesse Sarah Zeid de Jordanie
mai 1, 2026 4:26 pm
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé resevwa « Son Alttès wayal Princesse Sarah Zeid peyi Jordanie, nan kad yon misyon imanitè an Ayiti nan tèt yon delegasyon Wo komisarya Nasyon zini pou refijye (HCR).
Prencès Sarah Zeid pran angajman pou batay pou kapab fasilite sante matènèl ak bebe yo.
Nan okazyon an, Premye minis Alix Didier Fils Aimé reyafime detèminasyon gouvènman an pou travay nan lide pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an sitou moun ki pi vilnerab yo tankou fanm ak ti moun yo epi anpeche gang kriminèl anwole yo.
Chèf Gouvènman pale tou sou jefò k ap fèt pou kreye estabilite nan peyi a, pèmèt deplase yo retounen lakay yo epi pou eleksyon yo kapab fèt.
Prennsès peyi Jòdani an di l gen gwo kè sote akoz jan sitiyasyon imanitè a grav anpil an Ayiti, patikilyèman nan sant deplase yo.
Li raple nesesite pou ranfòse jefò pou pwoteje ti moun ak fanm yo ki dwe gen otonomi yo.
Premye minis lan salye angajman sa a epi ankouraje demach etranje yo pou soutni Ayiti kote l ap kontinye travay ak patnè yo nan lide pou amelyore sitiyasyon an














