Primature / Rencontre du Premier ministre avec Marco Rubio
3 hours ago
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé chita pale, madi 21 avril 2026 la, ak sekretè deta ameriken an, Marco Rubio.
Rankont sa a te chita esansyèlman sou ranfòseman patenarya estratejik ant 2 peyi yo, soutni efò pou stabilize peyi a epi akonpanye pwosesis pou retabli lòd enstitisyonèl ak demokratik nan peyi a.
Sekretèdeta a pwofite reyafime angajman gouvènman ameriken an pou kontinye sipòte efò gouvènman ayisyen an ap fè pou retabli otorite leta epi ranfòse kowòdinasyon fòs sekirite yo.













