PVVIH - Konseye Louis G. Gilles reyini ak reprezantan ONU Sida, Christian Mouala
septembre 30, 2025 12:10 am
Aprè desizyon ONU SIDA pran pou redwi prezans li nan plizyè peyi akoz mank bidjè, Konseye prezidan Louis Gerald Gilles òganize, 24 septanm la, yon reyinyon ak doktè Christian Mouala ki se reprezantan Onu Sida an Ayiti epi divès enstitisyon ki angaje nan lit kont VIH SIDA.
Rankont sa fèt nan objektif pou konseye prezidan Gilles konnen plis sou desizyon sa epi egzamine kèk estrateji pou diminye enpak desizyon sa sou pwogram nasyonal yo.
Se te okazyon tou pou responsab yo gade ansanm avanse ki fèt nan kad lit kont VIH SIDA nan peyi a, espesyalman avek validasyon fon nasyonal pou sipòte moun k ap viv ak VIH SIDA yo.