Ramsa / Journée nationale des Madan Sara / Intervention du prof Jacky Lumarque
3 hours ago
Rektè inivèsite kiskeya a, pwofesè Jacky Lmarque, sou bò pal, salye kouraj madan Sara yo pou travay yo nan sosyete ayisyèn nan, malgre sitiyasyon difisil peyi a ap konnen dènye jou sa yo.
Pwofesè LUMARQUE fè konnen madan sara yo se youn nan antite ki gen anpil enpòtans pou ekonomi peyi a. Nan sans sa, li mande otorite nan leta ankadre kategori moun sa yo ki, selon li, se motè devlopman peyi a.














