Rantre lekòl - Dewoulman dezyèm jounen reouvèti klas yo pou ane eskolè 2025 / 2026 la
3 hours ago
Anpil etablisman eskolè piblik kou prive louvri pòt yo jan sa te anonse a. Yo fè konnen se ak jwa yo resevwa elèv yo pou ane eskolè 2025 / 26 la.
Yo di rantre lekòl la vle di anpil bagay pou yo, paske yon jenès ki fòme se yon vektè enpòtan nan developman sosyete a.