Rasanbleman Sitwayen - Presizyon Ginette Perodin Mathurin nan kad prezantasyon nouvo estrikti a
septembre 18, 2025 9:27 pm
«Ransanbleman sitwayen», se non yon nouvèl estrikti sosyopolitik ki lanse, madi 16 septanm nan, nan yon seremoni ki dewoule nan Otèl Montana, nan Petyonvil.
Estrikiti sa vize regwoupe tout aktè nan sosyete sivil la nan lide pou defini yon plan rekonstriksyon pou peyi a, daprè prezidan mouvman sa, Ginette Perodin Mathurin, ki fè konnen estrikti a pral kontribye tou nan defann dwa moun ak libète fondamantal.