Rencontre entre le MTPTC et les représentants du secteur de la construction

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Minis Travo piblik transpò ak kominikasyon an, Joseph Almathe Pierre-Louis, rankontre, jedi 23 avril la, reprezantan Asosyasyon ayisyèn antrepriz kontriksyon yo.
Se te okazyon pou 2 pati yo chita pale sou restriktirasyon mache konstriksyon an , ki se, daprè yo, yon nesesite . Diskisyon yo te chita tou sou difikilte ki konn genyen nan aksè ak mache piblik yo, sa ki konn anpeche anpil antrepriz lokal aplike epi jwenn kontra .

Reprezantan ministè travo piblik yo anonse elaborasyon yon dokiman k ap pran an kont objektif stratejik yo epi pi gwo pwobblèm yo.Sa k ap ede yo travay pou transfòme sektè sa ki kapab patisipe nan devlopman peyi a.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut