RNH / Célébration de son 49e anniversaire
2 hours ago
Radyo Nasyonal Dayiti selebre, mekredi 22 avril la, 49e anivèsè l kreyasyon l. Nan okazyon an, yon mès aksyon lagras te chante nan legliz Altagrace nan Dèlma 44, kote divès kad ak anplwaye enstitisyon an te prezan.
Prezidant Komisyon teknik restriktirasyon Radyo ak Televizyon nasyonal Dayiti a, Marie Sandra Duvivier, pwofite okazyon pou salye kouraj anplwaye RNH yo pandan l rann omaj ak tout ansyen ki te travay pou pèmèt Radyo Nasyonal kenbe pandan 49 lane.














