RUEH - Rektora Inivèsite Leta a salye memwa pwofesè Lyonel Sanon ki mouri 24 septanm 2025 la
septembre 28, 2025 4:02 am
Rektora Inivèsite Leta a salye memwa pwofesè Lyonel Sanon ki mouri 24 septanm 2025 la. Defen an te fè etid li nan lang vivant ak lenguistik jeneral, respektivman nan Lekòl nòmal siperyè ak Fakilte lenguistik aplike.
Li te gen yon mastè nan lenguistik aplike nan inivèsite Indiana epi l te gen fòmasyon nan plizyè lòt branch tankou jesyon piblik ak administrasyon lekòl. Se te yon manm aktif nan kominote inivèsitè a. Pwofesè Sanon te manm kabinè ansyen rektè Jean Vernet ak Fritz Deshommes. Li te tou respekte angajman l te pran pou sèvi enstitisyon an.
Lyonel Sanon te pase 10 lane nan ministè Edikasyon nasyonal kote l te vin direktè ansèyman segondè nan lane 90 yo.
Nan sikonstans lan, Rektora UEH la prezante kondoleyans li bay fanmi pwofesè Lyonel Sanon, patikilyèman madanm ak pitit li, epi kominote inivisèsitè a.