SIENNA - Reyakson sou difikilte yo konstate nan preparasyon ane lekòl la
octobre 1, 2025 9:35 am
Sendika Enspektè ak Enspektris Edikasyon Nasyonal Ayiti (SIENHA) reyaji, lendi 29 septanm nan, sou difikilte yo di konstate nan preparasyon ane lekòl la.
Dieujuste Thisma, sekretè egzekitif nasyonal SIENHA, kòdonatè depatmantal lwès SIENHA, fè konnen pa gen okenn mezi serye ki pran bò kote otorite yo pou fasilite rantre lekòl la. Yo fè konnen gen anpil paran poko konnen ki kote pou yo voye pitit yo lekòl, ak koz pwoblèm ensekirite ak sitiyasyon sosyo ekonomik peyi a.