Sosyete - «Viv pou pataje» yon òganizasyon pou kapab ede moun k ap viv nan kan deplase yo.
4 hours ago
«Viv pou pataje» se non yon òganizasyon plizyè Legliz mete sou pye pou kapab ede moun k ap viv nan kan deplase yo. Yo konte òganize premye gran aktivite yo dimanch k ap 21 septanm 2025 la nan divès kwen nan kapital la.
Nan sans sa, prezidan òganizasyon sila, Cliford Clerveaux, mande konkou tout moun pou pote kole ak yo pou rive touche plizyè fanmi, sitou pou rantre lekòl la.