Sud-Est /Manifestations contre l'insécurité à Jacmel
116 minutes ago
Yon gwoup moun nan popilasyon Jakmèl la manifieste, mèkredi 15 avril la , pou mande otorite yo pran dispozisyon pou frennen atak gang ak zam yo nan depatman sidès la.
Yon mouvman ki te reyini moun nan plizyè sektè tankou anseyan ,militan politik, komèsan, elèv lekòl, inivèsitè, elatriye.
Manifestasyon sa ki te pase nan plizyè ri nan vil Jakmèl te rive devan komisarya, kote plizyè patisipan tal mande lapolis pran dispozisyon pou kouri dèyè bandi ki pran kontwòl katye Segen.
Katye sa ki twouve l nan komin Marigo te pran gwo frap nan lannuit lendi 13 pou rive madi 14 avril 2026 la.














