TPI Pòtoprens - Mèt Bernard Saint-Vil anonse asiz kriminèl yo ap kòmanse nan jiridiksyon an
septembre 24, 2025 12:31 am
Dwayen tribinal Premyè enstans Pòtoprens lan, Mèt Bernard St Vil ak komisè Gouvènman an, mèt Fritz Patterson Dorval, anonse asiz kriminèl yo ap kòmanse nan jiridiksyon an, mèkredi 24 septanm 2025 la.
Se nan yon konferans pou laprès yo bay ansanm, lendi 22 septanm lan, responsab yo anonse desizyon sa a nan lide pou kapab batay, patikilyèman kont kesyon detansyon prevantiv pwolonje a.