UE – Kloti yon fòmasyon sou ranfòsman kapasite operasyonèl ak òganizasyonèl yon seri òganizasyon

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Gouvènans Gwoup nan tèt kole ak Wo komisarya Nasyonzini pou dwa moun mete bout, lendi 22 septanm 2025 la, nan yon fòmasyon ki dire twa mwa sou ranfòsman kapasite operasyonèl ak òganizasyonèl yon seri òganizasyon nan sosyete sivil la.

Fòmasyon sa a ki jwenn sipò Inyon ewopeyèn, te gen pou objektif mete plis zouti nan men òganizasyon yo pou yo pi byen kondui aksyon yo sou teren, defann dwa moun, epi sèvi kominote yo ak plis efikasite.

23 patisipan te resevwa sètifika kòm rekonesans pou angajman yo pandan tout sik fòmasyon an.
Gouvènans Gwoup ak patnè li yo fè konnen y ap kontinye mete fòmasyon sou pye, epi sipòte aktè lokal yo pou lanse plis pwojè ki sèvi kominote yo epi defann dwa fondamantal tout sitwayen.

Share

WhatsApp
Facebook
X
LinkedIn

Latest News

Retour en haut