UEH &CEP / Echange sur la chaire électorale
2 hours ago
Inivèsite leta dayiti nan kad yon patenarya ak Konsèy elektoral pwovizwa òganize, vandredi 27 fevriye 2026 la, premye jounen echanj yo sou pwosesis elektoral 2026 la.
Aktivite sa fèt nan komin Petyonvil sou tèm: « Défis, enjeux et opportunités des prochaines élections générales à la lumière des expériences électorales en Haïti ».
Pandan premye jounen an, diferan pèsonalite te entèveni sou tèm gouvènans elektoral, estrateji pou ranvèse tandans abstansyon elektoral, patisipasyon ak reprezantasyon fanm yo nan pwochen eleksyon yo.
Daprè Konseye elektoral Patrick Saint-Hilaire ak dwayen fakilte dwa ak syans ekonomik la, mèt Jean Eugène Pierre-Louis li nesesè pou fè fòmasyon pou lòt moun nan objektif pou pèmèt gen yon vrè sistèm elektoral an Ayiti.














