UEH &MAST /Lancement de la chaire de droit sur la protection et de la sécurité sociale en Haïti
98 minutes ago
Responsab yo nan Inivèsite Leta nan tèt ak ministè afè sosyal ak travay epi Ofis nasyonal asirans vyeyès (ONA) lanse, vendredi 14 novanm nan, yon chè sou dwa pwoteksyon ak sekirite sosyal nan peyi Dayiti.
Nan okazyon an, direktè jeneral ONA Ronald Bazile ak dwayen fakilte dwa ak syans ekonomik la, Jean Eugène Pierre Louis, eksprime satisfaksyon yo pou desizyon ki nan enterè Leta ayisyen ak tout entitisyon yo an patikilye pou pep ayisyen an.
Selon responsab yo, inisyativ sa se yon pa istorik ki rantre nan kad selebrasyon 60 lane egzistans ONA.














