UEH - Rektora a kòmanse aplike pwogram «UEH/NET» la aprè lansman ofisyèl li
2 hours ago
Inivèsite Leta Dayiti (UEH) atravè «Direksyon vi etidyan (DVE)», enfòme kominote inivèsitè a, patikilyèman etidyan yo, rektora a kòmanse aplike pwogram «UEH/NET» la aprè lansman ofisyèl ki te fèt lendi 1e septanm 2025 lan.
Rektora a fè konnen gen Kat SIM ekip DVE yo kòmanse distribiye, mèkredi 10 septanm lan.
Vis-rektora a ap mete disponib pou ekip DVE yo lis etidyan k ap benefisye pwogram sa a epi yo dwe prezante yon kat UEH la ki valid. Gen dispozisyon k ap pran pou etidyan ki poko gen kat etidyan yo, dapre sa rektora a pwomèt.