UHM - Tanpèt Melissa ap mache ak yon vitès ki piti twouve l nan yon distans 405 kilomèt Pòtoprens
octobre 28, 2025 10:55 pm
Tanpèt Twopikal Melissa ka tounen yon ouragan soti aswè a rive demen lajounen selon done metewolojik ki disponib sou fenomèn klimatik sa.
Selon previzyonis Louis JEANTAU nan Inite Idwometewolojik, tanpèt la ki ap mache ak yon vitès ki piti twouve l nan yon distans 405 kilomèt Potoprens. Men li toujou rete yon danje pou peyi a.
Annatandan konpilasyon done ak avansman Melissa, alèt oranj lan toujou kenbe sou tout depatman ki fòme gran sid la ak depatman Lwès la.














