ULCC/ Remise de rapports
décembre 9, 2025 10:32 pm
Direktè jeneral Inite lit kont koripsyon an Jacques Hans Ludwig Joseph remèt ofisyèlman 5 rapò ankèt bay otorite jidisyè yo, lendi 8 desanm 2025 lan.
5 rapò sa yo konsène deklarasyon patrimwàn ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, faz 1 sibvansyon ansyen direktè jeneral FNE a Jean Ronald joseph, soupson anrichisman ilisit nan inivèsite piblik ba Latibonit lan, sispisyon koripsyon nan ISPAN epi yon rapò ankèt ki konsène tou jesyon senkant milyon goud (50 000 000 ) ki te la pou fèt drapo a 18 me 2025 lan.
Direktè jeneral ULCC a bay garanti y ap kontinye travay pou aseni enstitisyon yo nan administrasyon piblik la.














