UNIR - Clarens RENOIS di yo pran nòt sou rezolisyon 2793 Konsèy sekirite Nasyonzini vote a
7 hours ago
Kòdonatè pati politik «UNIR» an, Clarens RENOIS di yo pran nòt sou rezolisyon 2793 Konsèy sekirite Nasyonzini vote a nan lide pou deplwaye yon fòs represyon kont gang yo nan peyi Dayiti.
Dirijan UNIR an di montre pridan ak misyon sa yo pa rapò ak eksperyans li di peyi Dayiti fè deja ak mòd entèvansyon sa yo.
Li di l swete misyon sa p ap vin repete menm sa ki te fèt avan yo, kote yo pa rive rezoud pwoblèm yo.