UNIR - Clarens Renois mande otorite yo pran dispozisyon pou akonpanye paran yo pou rantre lekòl la
octobre 1, 2025 11:20 pm
Prezidan pati politik Inyon Nasyonal pou entegrite ak rekonsilyasyon an, Clarens Renois, mande otorite nan Leta a pran dispozisyon pou akonpanye paran yo pandan rantre lekòl la.
Responsab UNIR-AYITI a di l swete Leta kreye kondisyon pou pèmèt elèv yo pran chemen lekòl epi pou pwofesè yo travay nan pi bon kondisyon. Li fè konnen, paka gen bon sitwayen si pa gen bon lekòl.