Université Yahvé Nissi / Journée scientifique
3 hours ago
Fakilte medsin nan Inivèsite Yahve Nissi anonae, vandredi 13 mas 2026 la, 2 jounen syantifik k ap òganize 18 ak 19 jen k ap vini la nan lokal inivèsite a.
« Santé psychologique, et crise multidimensionnelle en Haïti, comprendre les impacts psychosociaux et promouvoir des solutions durables » se sou tèm sa jounen syantifik la ap dewoule kote plizyè lòt inivèsite envite pami yo, Kiskeya ak Sen François D’assise, daprè rektris inivèsite a, pastè Yvonise Blain BATAILLE.
Yon lòt bò, majò pwomosyon an epi oganizatè jounen syantifik la, St Hubert Freud Gay BICHER anonse tou pandan jounen sa responsab yo ap òganize yon klinik mobil ak distribisyon pla cho nan kèk kan deplase nan kapital la.














